ENTÈNÈT GEN 50 TAN ! YON MONN AVAN ENTÈNÈT. YON LÒT MONN AK ENTÈNÈT.

29 oktòb 1969, profesè Leonard Kleinrock ak kèk kòlèg li nan Inivèsite Kalifoni nan Los Angeles (UCLA) rive fè yon òdinatè transmèt done ak yon lòt ki te nan rejyon sid San Francisco ki vin jodi a Silicon Valley. Jou sa, a 10h30 nan aswè, yon etidyan ki rele Charles Kline nan UCLA te itilize òdinatè l pou li voye mo  “LOG” bay lòt òdinatè. Apre l fin transmèt lèt “L” ak “O” a, òdinatè a tou plante. 

Sa te rive gras a yon pwojè kit e rele “Arpanet” ke yon branch rechèch nan lame amerikèn te finanse. Ekspè yo te arive fè òdinatè yo kominike ansanm lè yo te devlope yon teknik ki dekoupe mesaj yo an “pakè”. Objektif pwojè a se te pèmèt pataje enfòmasyon ant plizyè sit lame amerikèn ki te nan plizyè zòn diferan sizoka lènmi ta atake yo. Ane apre ane, inivèsite, sant rechèch ak kantite moun k ap itilize rezo “Arpanet” lan pat janm sispann ogmante.  

An oktòb 1972, Robert E. Kahn ansanm ak kòlèg li Vinton Cerf pral itilize pou la premyè fwa mo “Internet” nan kad premye konferans entènasyonal sou kominikasyon pa òdinatè (International Conference on Computer Communications) nan Washington. 

KÈK DAT ENPÒTAN NAN ISTWA ENTÈNÈT LA

1969 : Etidyan Charles Kline transmèt premye mesaj “LO” bay yon òdinatè nan lokalite Stanford

1972 : Ray Tomlinson envante sèvis imel. Li chwazi “@“ pou separe non itilzatè ak non kote imel la ebèje.

1973 : Inivèsite London se premye enstitisyon entènasyonal ki konekte a rezo “Arpanet” la 

1974 : Premye founisè entènèt la kreye 

1974 : Vint Cerf ak Robert E. Kahn ki konsidere kòm papa entènèt la kreye pwotokòl TCP/IP pou pèmèt transmisyon done

1983 : Pwotokòl TCP/IP adopte kòm pwotokòl ki itilite pou rezo Arpanet la

1984 : Sistèm non domèn yo tankou .edu, .com, .gov…etabli

1989 : Tim Berners-Lee nan inivèsite Oxford (Londres) envante World Wide Web (web) yon sèvis ki pèmèt ou navige sou entènèt la apati de yon navigatè

1990 : Tim Berners-Lee kreye langaj HTML, pwotokòl HTTP ak URL pou idanfye resous web  

Menm envantè yo pat konnen ke entènèt t ap vini sa li ye jodi a. Gras a zouti sa, plis pase 4.3 milya moun a travè lemonn konekte pou pataje konesans, fè rechèch, fè tranzaksyon elatriye.

ISTWA ENTÈNÈT AN AYITI

Dekrè 12 oktòb 1977 akòde a leta Ayisyen monopòl sèvis kominikasyon yo nan peyi a. Sa vle di, okenn enstitisyon prive pat gen dwa pou vann okenn sèvis kominikasyon anndan peyi a. Desizyon sa rive pandan anpil pwogrè ap fèt nan domèn sa.

Anpil moun ak enstitisyon te fè gro jefò pandan ane 90 yo pou te pèmèt entènèt antre e pran jarèt an Ayiti, menm lè se pat toujou nan meyè kondisyon akoz de sitiyasyon politik peyi a.

Fanmi Apaid, Claude ak Apaid patikilyèman, a travè konpayi asanblaj elektwonik yo te genyen ki te rele Alpha Electronic, ki te gen kontra ak sektè tankou militè, komès, te pèmèt gwo avanse fèt nan domèn sa. Yo te gen avèk yo kòlèg tankou Schiller Jean Baptiste, Jean Jaunasse Elysée. Alpha Electronic te gen kontra tou pou rantre done pou konpayi General Motors a travè yon kontraktè. Yo te resevwa fòm yo pa avyon e chak maten, yo voye bann mayetik la bay kontraktè a. Anpil teknisyen ak enjenyè ki te soti Fakilte Syans (FDS) inivèsite leta te ede nan pwomosyon enfòmatik ak telekominiokasyon yo.

1991 : Alpha Electronic ansanm ak yon konpayi ki baze nan Miami ofri yon sèvis mesajri pou mesaj elektwonik ale-vini chak trant minit ant Miami ak Ayiti a pati de ekipman ki te enstale nan 2 biwo sa yo.  Paolo Shilosi atravè yon konpayi asanblaj elektwonik vin pote kole nan aktivite sa.

1991 – 1993 : Alpha Electronic ofri sèvis mesajri elektwonik CC Mail, yon mwayen sekirize e rapid pou kominike ak letranje.

1994 : Anpil biznis prive, ONG te kòmanse itilize sèvis imel la. Piske dekrè 1977 la entèdi sektè prive fè biznis ki gen rapò ak sèvis kominikasyon, fanmi Apaid kreye konpayi Alpha Communication Network (CAN) ki pral jwenn otorizasyon Konsey Nasyonal Kominikasyon (Conatel) pou ofri sèvis ki gen rapò ak kominikasyon elektwonik.

1995 : ACN ofri sèvis koneksyon entènèt pa telefòn (dial-up) nan kad yon akò ak Teleco. Sa ki pral pèmèt anpil lòt operatè rantre sou mache a

1996 : Premye demach yo fèt pou Ayiti posede domèn .ht

1997 : Hintelfocus lanse operasyon pou bay sèvis entènèt

1998 : Teleco siyen yon akò ak konpayi Haitel kote l konsede l dwa pou l ofri sèvis telefòn selilè

1999 : Haitel kòmanse ofri sèvis selilè sou baz teknoloji CDMA

1999 : Comcel rantre sou mache selilè a an Ayiti

2006 : Konpayi Digicel lanse sèvis li an Ayiti

2010 : Natcom lanse operasyon l an Ayiti.

Teleco, Conatel, Programme Nasyonzini pou Devlopman (PNUD), Ajans Inivièsitè Frankofoni (AUF), Fondasyon Rezo devlopman Dirab Aysisyen (FRDDH), REHRED, Fokal, GlobelSud, Hintelfocus ak anpil lòt enstitisyon travay pou bay jarèt a entènèt la e fè l rive nan milye akademik lan. Premye e pi gwo inisyativ pou vilgarize entènèt nan tout peyi a kòmanse ak Infotel.

Claude Apaid, Schiller Jean-Baptiste, Jonasse Elysée ak anpil lòt pwofesyonèl se pami premye moun ki kontribiye nan gwo jefò pou entwodwi entènèt la an Ayiti. Anpil lòt moun kontribye pou pwomosyon l tou tankou Roger Savain, Patrick Cardozo, Frantz Mathias, François Dugué, Garry St-Germain, Raymond Noël san bliye ekip Group Croissance lan, Kesner Pharel, Hans Tippenhauer, Nesmy Manigat, regrete memwa Stéphane Bruno elatriye…

ENTÈNÈT LA JODI A

Entènèt la chanje lavi anpil moun jodi a. Li pèmèt aksè a konesans, kreye djòb, fè devlopman, amelyore jan moun fè biznis. Entènèt fasilite echanj moun ak moun, li ankouraje transparans, li pèmèt moun pataje ak gen aksè a enfòmasyon, li ede fè pwomosyon dwa moun ak libète lapawòl, li pèmèt moun travay ansanm e gen kontwòl aparèy, ekipman a distans… Chak moun itilize entènèt la pou amelyore sa y ap fè e jan yo fè l. 

Ayiti te pami peyi ki te pi avanse nan rejyon Karayib la nan domèn kominikasyon elektwonik. Estasyon teryèn nan Sabourin (Arcahaie) te pèmèt Ayisyen swiv match koup di monn 1974 la an dirèk e sèvi relè pou plizyè peyi nan rejyon an. Konvèjans enfòmatik, entènèt ak telekominikasyon ki bay teknoloji yo vin ofri opòtinite pou transfòme tout sektè pou asire devlopman sosyal ak ekonomik.

Entènèt la konekkte moun ak moun. Plis pase 2 milyon moun an Ayiti gen aksè a entènèt jodi a. Afòs l ap grandi, li ka elaji fose tou ant moun ki genyen ak sak pa genyen yo, si pa gen bon jan mezi pou konble eka sa e kreye richès pou tout moun, lè n konsidere pifò nan moun ki pa gwo mwayen yo konsome plis ke yo pwodwi.

Pou rive a yon sosyete kote teknoloji a jwenn plas tout bon vre, gen anpil jefò ki pou fèt nan devlope chwa ak estrateji pou sa. Sa dwe fèt ANSANM nan konsiltasyon ak tout aktè yo : leta, prive, inivèsite ak sosyete sivil. 

Gen 4 bagay ki ka pèmèt plis moun benefisye de byenfè sèvis teknoloji yo :

  • Amelyore ak devlope enfrastrikti solid ki disponibles tout kote
  • Ofri zouti ak sèvis ke popilasyon an bezwen tout bon ak ka peye pou li
  • Edike popilasyon an sou jan l dwe itilize zouti teknoloji yo
  • Devlope kontni ak sèvis nan lang ke popilasyon an ka konprann. 

GEN PLIS KE :

4,375,583,200             moun k ap itilize entènèt

1,724,425,842             sit entènèt ki kreye

172,695,450,346         imel ki voye jodi a

4,557,550,500             rechèch ki fèt sou Google jodi a

508,320,120                tweets ki fèt sou Twitter jodi a

4,738,923,843             videyo ki gade sou Youtube jodi a

Ou dwe li : 12 obstacles majeurs au développement des technologies de l’information en Haïti

Be the first to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published.


*