Kowonaviris (COVID-19) la fè anpil pale nan lemonn antye e nan peyi dayiti li sèvi kòm okazyon pou popilasyon jete fwistasyon l sou move kalite sistèm sante peyi a ap fè fas depi dik dantan. Sitiyasyon sa agrave pi plis lè n konsidere mank enfrastrikti sanitè, mank pèsonèl sante, mank ekipman, fòmasyon ak materyèl adapte […]